"Mpa Bezwen Zanmi" se yon mizik ki pale de desepsyon, trayizon, ak leson lavi ban nou sou konfyans. Li mete limyè sou eksperyans sa yo kote moun ou konsidere kòm zanmi, se yo menm ki pi fasil trayi ou.
Mizik sa pa t ekri pou jeneralize, men pou pale pou tout moun ki janm santi yo trayi pa moun yo pi te fè konfyans. Li raple nou ke pafwa, li pi saj chita an silans, obsève, epi chwazi moun ou mete bò kote ou ak anpil bon jijman.
Pou moun ki janm viv sa: mizik sa pou ou.
Pou rès la: li ka sèvi w kòm prevansyon.
#MpaBezwenZanmi #LesonLavi #MizikKreyòl #Konfyans #RealiteNouViv