09. Atizan Plezi Senp feat.

Опубликовано: 21 Сентябрь 2026
на канале: Benkele Phat Beatz
280
15

BOOMBAPISM is a straight-up Boom Bap project, uniting some heavy-hitting Haitian MCs to bring that raw delivery.

Benkele Phat Beatz — 09. Atizan Plezi Senp feat. Bazoo MEDSAYANNTIS (Prod. Benkele Phat Beatz) — BOOMBAPISM (Album) — Official Audio
Performer : Benkele Phat Beatz, Bazoo MEDSAYANNTIS
Composer : Bernard Chérélus
Lyricist : Patrick Rivière
Beat Maker : Benkele Phat Beatz
Album : BOOMBAPISM
Number : 9
Genre : Hip Hop/Rap
Source : Phat Music
Release Date : June 20, 2025


LYRICS

INTRO
Medsayanntis wi
Men medsayanntis
Benkele
Maurice Sixto (anh)

VERSE 1
M tande vwa m nan van an, briz la pale li di sonje
Tankon wòch k ap repoze, m anransinnen nan moman an
Nan gade san pran, m ap gad nèg yo k ap bay po dèyè yo
Pou rèv yo pa pran tan, m pantan m nan kan an

M ap pran frap, m ap sekle ak jilèt
Nan sèpante tankou koulèv, 2-3 vè mete m sou koulè m
M ap kontanple orizon kot limyè ak lonbraj jwe
Chak mo s on imaj, chak imaj s on rèv kache

Sant ki antoure m tounen bonè nan tou nen m
Li pa janm twò ta pou m kite bonè antoure m
Konn gou bouch son talan, m atann pou chak asyèt pal on lang
M konprann pou lakansyèl kache nan chak kiyè

Kou yè, piti kou l ye, pou chak moman s on nanm ki aleje
M jwenn nan senbòl ki senp tout bon plezi k pataje
Chak jès se langaj lanmou san bri
San gwo deklarasyon sakaje

CHORUS
(Gèt) Boutèy la gen chemizèt
Machann nan merit on high five, m poze tankon enpav
Lafimen an santi bon m ap ba l pay
M ap kontanple lorizon kot limyè ak lonbraj jwe

M jwenn nan senplisite degre bote k pa ka efase
(Gèt) Boutèy la gen chemizèt
(Machann nan merit on high five, m poze tankon enpav, lafimen an santi bon m ap ba l pay)

VERSE 2
M ap scratch sou bak lavi tankou DJ Fanfan
Pandan m ap desèvi yon GOAT, ban m nimewo 7 tankou FAFA
Konsepsyon m gon K-tafalk tankou m t on Papa
M pran plezi nan ekri, nan viv lavi yon parya

M gen labitid, sou maleng nou met dlo sèl bliye sparadrap
M gon sèl palabra : si lavi t on paryaj m ta p mize sou gaya
M ap gad jou yo k ap gade m kap ale
Nan fikse chak grenn, m pa menm ka pale

M ap kontanple lorizon kot limyè ak lonbraj jwe
Chak souf s on melodi dous k ap rezone
Rezone anndan m ap chache plezi nan touman
M bezwen yon swagg animatè vèy

Si animal deja nan mal, nou ka pran mal fè l bèl
(Yeah, jan w wè m nan k on sa m ye wi man, m pa nan anyen k
konplike, lanmou ak respè pou tout moun, ou konprann ? M pa
nan anyen k konplike)

CHORUS
(Gèt) Boutèy la gen chemizèt
Machann nan merit on high five, m poze tankon enpav
Lafimen an santi bon m ap ba l pay
M ap kontanple lorizon kot limyè ak lonbraj jwe

M jwenn nan senplisite degre bote k pa ka efase
(Gèt) Boutèy la gen chemizèt
(Machann nan merit on high five, m poze tankon enpav, lafimen an santi bon m ap ba l pay)

OUTRO
M pa nan anyen k konplike
Ti bagay senp, ou respekte m, m respekte w
Depi nou ka bwè ansanm, nou ansanm
Se k on sa m wè l mwen menm