🧊Tikalab Ep 1: Yon Eksperyans sou Teknik Konsèvasyon Produi Alimantè... (

Опубликовано: 16 Май 2026
на канале: Kareen Seignon
393
32

#Tikalab_ht #scienceinhaitiancreole #withme

Nòt: Mwen te fè ti video sa nan mwa ***Jen, 2019***. Men li te an Anglè. Mwen deside tradui li an Kreyòl Ayisyen pou mwen pataje li ak nou ankò.

Yon ti plezi nan fè eksperyans syantifik 😃👩🏾‍🔬🥽🥼📚: Dlo cho + dioksid kabòn (sou fòm solid)- siblimasyon- endistri alimantè (#Kreyol #Ayisyen #Haitian #Creole; See #English version of my text below)

Nòt: dioksid kabòn se sa nou rele gaz kabonik la.

Lafimen ki fèt lè mwen vide dlo cho sou dioksid kabòn sou "fòm solid" la se yon egzanp prosesis "siblimasyon" (sublimation). "Siblimasyon" se lè yon sibstans sòti nan "eta solid" pou rive nan "eta gaz" san l’ pa pase a "eta likid". Lè m' vide dlo cho a sou dioksid kabòn sou fòm solid la, li chanje an gaz kabonik.

Se menm prosesis sa (siblimasyon an) syantifik yo itilize nan endistri manje kote yo seche pwodyi alimantè nan lide pou anpeche l’ gate. Kèk egzanp pwodyi alimantè ki pase nan prosesis sa se ji an poud, fri seche, poud kafe.
Mwen sonje lè mwen te nan lekòl primè Ayiti. Mwen te konn ap kraze pakè nan yon ti liv syans ki te rele "syans e ijyèn". Gen yon bann gwo mo syantifik mwen te konn etidye pakè. Menm si pafwa mwen te konn konprann yo, mwen pat janm gen opòtinite pou mwen eksperimante yo nan laboratwa e konprann aplikasyon dirèk yo. Youn nan gwo mo sa yo se siblimasyon (sublimation).

Menm jan ak Marie Curie, yon kokenn chenn syantitik, mwen kwè:“Mwen fè pati sila yo ki kwè Lasyans se yon mèvèy".

Kareen Seignon
Founder of Tikalab
05/12/2020

*****************

#English Version

The #fogeffect produced by pouring hot water on #dryice is a perfect example of the process of sublimation. Sublimation is when a substance goes from a "#solidstate" to a "#gasstate" without going through a "#liquidstate".

Dry ice is the solid form of carbon dioxide, one of the gases that makes up the Earth’s atmosphere. The hot water causes solid carbon dioxide to change directly into vapor.

The process of sublimation is also behind other technologies including a food preservation method called freeze drying. During the freeze-drying process, foods are dried out of their of their water content to avoid spoilage allowing them to last longer. Freeze- drying is used to make edible products like powdered drinks, dried- fruit snacks, and instant coffee.

Kareen Seignon
Founder of Tikalab
05/12/2020