#Airhasmass #Scienceinhaitiancreole #Tikalab
Haitian Creole (#English translation below)
Tikalab Ep 5: Pran pwa "lè" a : eksperyans ak de (2) blad
Mwen menm🤸🏽♀, ou menm , paran w', pye bwa ki dèyè lakay ou a, dlo w'ap bwè a, telefònn ou , "lè" w' ap respire a tout se matyè. Matyè se tout sa ki gen yon pwa e ki okipe yon espas (oubyen ki gen volim).
Daprè definisyon sa, nou tout ka dakò pifò egzanp mwen sot site yo la se matyè paske nou ka wè ak touche bagay sa yo. Men, koze "lè" (gaz) se matyè a ka kreye yon ti dout🧐.
Nan "Lè" a w'ap jwenn diferan gaz k'ap flote tout kote menm lè nou paka wè yo. Kèk nan gaz sa yo se nitrojèn/azòt, oksijèn, gaz kabonik, metan, elatriye, E gaz sa yo se matyè. Men, kijan nou ka prouve sa?
Nan videyo sa, mwen pral demontre "lè" gen yon pwa. Pou mwen fè sa, mwen itilize de (2) blad ak yon balans mwen fè ak miwa nan chanm mwen.
Nan prochen videyo a (Tikalab Ep. 6), m'ap montre "lè" okipe yon espas. Mwen sete nou kontan!!!
Kareen Seignon
11/14/2020
--
Tikalab Ep 5: Weighting air : A tale of two balloons
Me🤸🏽♀, you , your parents, trees in your backyard, the water you are currently drinking, your phone , rocks, the air you are breathing in are all made of matter. Matter is anything that has mass and occupies space (or has volume).
Based on that definition, it may be indisputable that most of these examples I mentioned above are matter since we can see and touch them. However, the statement that air is also matter might seem dubious🧐.
Although invisible, air is made of molecules of different gases floating all around us. These gases include nitrogen, oxygen, argon, carbon dioxide, methane, etc. Therefore, air is also made of matter, but how can one prove it?
In this video, I am going to demonstrate that air has mass with two balloons and a balance I improvised using my mirror.
In the next video (Tikalab Ep. 6), I will demonstrate that air takes up space. Enjoy!!!
Kareen Seignon
11/14/2020